Skip to main
An n vole ansanm artwork

An n vole ansanm

dexvalsea

· 4:43 · 22 plays · v3-preview

About

Kompa

Lyrics

Chorus

An n vole ansanm

Nou de tankou plim zwazo

An n vole ansanm

Lanmou n fon kou lanmè

M vle w klere tankou yon solèy

Sèl sa m mande w se koute m

Verse 1

Piga w di se kontwole m ap chache kontwole w

Se vre m ka gen kè sote

Paske valè w mwen konnen

Sèl rezon ki fè mwen pèsiste konsa

Se pou m te ka sove bèl vi n ap mennen an

M p ap kite relasyon n peri

Pre-Chorus

Koute sa m ap di w

Koute sa m santi

Koute jan m grangou pou w

Chorus

An n vole ansanm

Nou de tankou plim zwazo

An n vole ansanm

Lanmou n fon kou lanmè

M vle w klere tankou yon solèy

Sèl sa m mande w se koute m

Verse 2

Pa janm mèt nan tèt ou jalouzi se li k fè m pale

Ou se tout rèv mwen

Poutan gen de fwa ou panse se kontrent m ap poze

Chak mo m di w

Soti fon nan kè

Pa pran yo pou movèz fwa

Pre-Chorus

Koute sa m ap di w

Koute sa m santi

Koute jan m grangou pou w

Chorus

An n vole ansanm

Nou de tankou plim zwazo

An n vole ansanm

Lanmou n fon kou lanmè

M vle w klere tankou yon solèy

Sèl sa m mande w se koute m

Bridge

Vole pi wo

Vole pi lwen

Vole bò kote m

Soti nan fè nwa ale nan limyè

Nou toulède ap sifi pou fè yon monn

Chorus

An n vole ansanm

Nou de tankou plim zwazo

An n vole ansanm

Lanmou n fon kou lanmè

M vle w klere tankou yon solèy

Sèl sa m mande w se koute m

Comments

No comments yet.